 |
Vinn jwenn ak nou jodia menm nan yon pwogram kap prepare w pou gen yon pwofesyon, e profite pran avantaj yon metye kòm rekonpans!
Profite pran avantaj pou apran yon metye Kontre Miyami-Ded la gen beswen. pandan l ap antrene w e peye w gwo lajan pou pwofesyon sa w pi renmen an. Menmsi w te apèn kite lekòl segondè, oubyen w te viktim donwsikonstans ki ta retire w nan systèm nan, oubyen w te jis ap chache pou ogmante kapasite w, Lekòl Piblik nan Kontre Miyami-Ded la (M-DCPS) ap ede w jwenn yon bon pwogram edikasyon pwofesyonèl nan youn, oswa plisyè domèn ki gen anpil demann aktyèlman.
Nou prepare pwogram nou an, yon fason kap fè toujou gen demann nan Sid Floridla e kap kenbe kominote an toujou stab. Nan yon titan tou kout, nou ka antrene w pou ka travay nan konstriksyon, nan branch sante, konmpitè oubyen enfomatik, tchalkè, oubyen youn nan pwogram mekanik ki nan endistri mekanik lan. Nou pran angajman pou n reponn ak bezwen kominote nou an, e ogmante kapasite etidyan nou yo atravè on seride pwogram kap pèmèt yo jwen bonjan anplwa.
Etidyan yo ka rive jwen bonjan antrenman gras a on seride profesè ki gen bonjan kalifikasyon nan domèn teknik ki pi wo a. lekòl nou yo ak staf kap dirije yo a, pran angajman pou prepare etidyan yo pou mache tavay la, nan bay bonjan eksperians teknik ak manyel ak tout moun kap chache ogmante kapasite yo atravè yon seride konsèy ak klas ki fèt nan espri pou reponn ak egzijans mache travay ki nan Sid Florida a. Anplisdesa, M-DCPS ofri asistans finansyè ak tout moun ki kalifye yo. |